Deprecated: Function create_function() is deprecated in /home/www/pigran.org/plugins/system/rokupdater/lib/local/RokUpdater/Container.php on line 214

Deprecated: Function create_function() is deprecated in /home/www/pigran.org/plugins/system/rokupdater/lib/local/RokUpdater/Container.php on line 214

Deprecated: Function create_function() is deprecated in /home/www/pigran.org/plugins/system/rokupdater/lib/local/RokUpdater/Container.php on line 214

Deprecated: Function create_function() is deprecated in /home/www/pigran.org/plugins/system/rokupdater/lib/local/RokUpdater/Container.php on line 214
Paul Gérin-Lajoie
connexe-grahn connexe-pigran connexe-hp synthese.small

Paul  Gérin-Lajoie

 

paul gerin lajoie

 

Soti 1960 rive 1966, peryòd manda  Paul Gérin-Lajoie  kòm responsab ministè Edikasyon nan Kebèk, vis premye minis epi minis lajenès, misye te prensipal moun ki te travay nan  transfòmasyon an pwofondè, ki te fèt nan sistèm edikasyon Kébèk nan epòk Revolisyon trankil la.  Paul Gérin-Lajoie, ki te gen anpil pouvwa sou gouvènman  Jean Lesage la, te louvri  premye pwojè Kebèk te reyalize sou plan entènasyonal yo (Doktrin Gérin-Lajoie).

Paul Gérin-Lajoie, ki se prezidan Ajans kanadyen pou devlopman entènasyonal (ACDI an franse) soti 1970 rive 1977, te manm nan  Konsèy gouvènè Bank mondyal (BM) ansanm ak kat gwo bank rejyonal  nan domèn devlopman pou  Afrik (BAD), pou Amerik latin (BID), pou peyi Karayib yo (BDC an fransè) epi pou Lazi (BAsD an fransè). Se menm jan an tou, Paul Gérin-Lajoie te vis prezidan Konsèy gouvènè Fon afriken pou devlopman (FAD). Li te manm Konsèy gouvènè Sant  rechèch pou devlopman entènasyonal (CRDI an fransè) epi manm konsèy administrasyon Sosyete pou ekspansyon ekspòtasyon (SEE).

Apre manda li a kòm prezidant ACDI, nan ane 1977, kolaboratè li te genyen ki pi pwòch li yo te kreye Fondasyon Paul Gérin-Lajoie, kote li te vin prezidan direktè jeneral epi li kontinye ap pote  misyon Fondasyon sa a nan kè li. Jounen jodi a, li se prezidan fondatè epi prezidan Konsèy administrasyon Fondayon an.

Paul Gérin-Lajoie se bousye Rhodes, lisansye nan dwa nan Inivèsite Monreyal. Manm Bawo Kebèk,  li  se an menm tan doktè nan dwa konstitisyonèl nan Inivèsite Oksfòd nan peyi Angletè. Paul Gérin-Lajoie resevwa  trèz doktora  honoris causa ki soti nan inivèsite nan Kanada kou aletranje, epitou li genyen pri David pou syans moral ak politik ki soti nan gouvènman Kebèk ansanm ak pri pou Lapè ki soti nan Mouvman kanadyen pou yon federasyon mondyal.  Paul Gérin-Lajoie se Konpayon nan Lòd Kanada, Gran ofisye  nan Lòd nasyonal Kebèk, Chevalye nan Lòd Nasyonal Lejyon Onè (Frans), Ofisye Lòd Lapleyad,  Gran ofisye Lòd nasyonal Lyon (Senegal), li resevwa Meday jibile rèn Elizabèt II (pou 50 an li kòm rèn), Komandè Lòd Merit nan Lòd Senjan Jerizalèm ak Malt; Paul Gérin-Lajoie ekri anpil dokiman.

 Pou Jounen entènasyonal Frankofoni an, nan mwa mas 2005, Paul Gérin-Lajoie te resevwa onè nan men gouvènman ayisyen an, kòm pèsonalite etranje ki kontribye yon fason eksepsyonèl nan devlopman Ayiti nan sektè edikasyon an.