Deprecated: Function create_function() is deprecated in /home/www/pigran.org/plugins/system/rokupdater/lib/local/RokUpdater/Container.php on line 214

Deprecated: Function create_function() is deprecated in /home/www/pigran.org/plugins/system/rokupdater/lib/local/RokUpdater/Container.php on line 214

Deprecated: Function create_function() is deprecated in /home/www/pigran.org/plugins/system/rokupdater/lib/local/RokUpdater/Container.php on line 214

Deprecated: Function create_function() is deprecated in /home/www/pigran.org/plugins/system/rokupdater/lib/local/RokUpdater/Container.php on line 214
Pwogram edikatif
connexe-grahn connexe-pigran connexe-hp synthese.small

Pwogram edikatif

Pwogram edikasyon Sant pou timoun piti a baze sou kourikoulòm pou edikasyon preskolè MENFP la epi li sèvi ak meyè pratik ki an vigè nan nivo entènasyonal1. Pwogram nan chita an patikilye sou gran prensip nou pral wè pi ba yo, ki adapte ak reyalite ayisyen2 an. :

  • Chak timoun se yon timoun apa, epi aktivite edikatif yo prepare pou timoun nan dwe respekte rit devlopman timoun nan, yo dwe respekte bezwen timoun lan ansanm ak domèn enterè li yo.
  • Se timoun nan  limenm ki premye aktè devlopman pou pwòp tèt li, sa vle di,  devlopman sa a mache ak aptitid epi  motivasyon ki nan timoun nan menm.
  • Dedevlopman timoun nan se yon pwosesis global epi entegre ki genyen plizyè dimansyon: dmansyon afektif, dimansyon fizik ak motrisite, dimansyon sosyal ak moral, dimansyon  konesans ak dimansyon langaj.
  • Timoun aprann ak jwèt. Jwèt  se premye aktivite Sant pou timoun piti a. Epi, se li ki baz tout entèvansyon nan nivo edikasyon sa a.
  • Kolaborasyon ant estaf  edikatè yo ak responsab yo enpòtan anpil pou bon jan devlopman timoun nan.

 Pwogram edikasyon nou devlope a chita plis sou pwosesis devlopman an pase sou pwosesis akizisyon ladrès (abilte) espesyal oubyen sou pwodui ki kapab soti nan aksyon timoun nan.  Toudabò, li vize  pou li:

  • Bay timoun yo bon sèvis ki gen bon jan kalite, sa vle di, pwogram edikasyon  an limenm menm, jan li fèt la se yon bon mwayen ki garanti bon jan kalite sèvis degad.
  • Sèvi tankou zouti referans pou tout moun ki ap travay nan espas sèvis degad pou timoun.   Pwogram edikasyon an se an menm tan yon zouti ki genyen  yon dal enpòtans pou koumansman fòmasyon timoun yo ansanm ak fòmasyon ki ap kontinye nan kategori timoun piti a.
  • Favorize yon bon jan rasanblay  tout entèvansyon ki fèt nan nivo timoun piti a ak bò kote fanmi ki genyen jèn timoun, nan pèmèt chak moun konprann pi byen kalite kontribisyon patikilye kolaboratè (patnè) ki toupatou nan  devlopman timoun yo.

 Pwogram nan bay devlopman chak  timoun yon pakèt enpòtans epi li vize pou li favorize  dimansyon nou pral li la yo ki anndan chak timoun :

  • Dimanson afektif : Timoun nan aprann devlope relasyon konfyans avèk lòt granmoun ki pa paran li,  li aprann montre emosyeon  li epi li aprann kontwole emosyon sa yo, li aprann viv chanjman epi tranzisyon sa yo, li aprann fè tèt li konfyans.
  • Dimansyon fizik ak motrisite : Timoun nan develope pwòp sans li pou li fè dekouvèt, li devlope motrisite jeneral li an ansanm ak motrisite fin li, li devlope kowòdinasyon li, lateralizasyon li epitou li devlope chema kò li.
  • Dimansyon sosyal ak dimansyon moral : Timoun nan aprann antann li ak kanmarad li, li aprann adapte ak yon gwoup, li aprann respekte diferans yo, li aprann kowopere, li aprann egzèse lidèchip li, li aprann ekzamine sitiyasyon lòt yo anvan li aji.
  • Dimansyon koyitif : Timoun nan aprann òganize tèt li  nan lespas ak nan tan, li aprann mete lòd nan (òdone) panse li, li aprann rezone, li apran fè dediksyon, li aprann konprann monn ki anviwonnen li an epi li aprann rezoud pwoblèm ki nan nivo kapasite li.
  • Dimansyon langay : Timoun nan aprann metrize baz (preyalab) langay la (souplès bouch ak lang, memwa pou sa li tande ak sa li wè, diskriminasyon pou sa li tande ak sa li wè,  atansyon,  rit), Timoun nan aprann konprann epi li aprann sèvi ak langay oral. Li devlope vokobilè pa  li epi  enterè  pou istwa epi kont yo.  Li aprann tou kouman pou pase mesaj  avèk kò li epi avèk mwayen atistik yo: desen, mim, chante, dans, teyat, eks.

 Timoun nan enterese tou sou eleman kiltirèl ki antoure li, epi an patikilye nan lekti ak ekriti.  Anfen, li vin deplizanpli otonòm, li devlope pwòp kapasite li pou li manje pou kont li, pou li abiye tèt li, oubyen pou li detann li pou kont li, li vin  genyen bon abitid nan lavi li, bon abitid nan manje tout kalite manje  ki bon pou sante li epitou li vin genyen konpòtman, ki enfliyanse yon fason pozitif sante li ak byennèt li.

Nou pral  prepare Sant la pou li resevwa timoun ki genyen bezwen ki espesyal.   Si se pa sa, Sant la ap mobilize resous ki  la pou timoun sa yo, yon fason  pou yo ka satisfè bezwen espesyal yo nan nivo fizik, entèlektyèl epi afektif: kourikoulòm, estaf edikatè espesyalize, eks.