Deprecated: Function create_function() is deprecated in /home/www/pigran.org/plugins/system/rokupdater/lib/local/RokUpdater/Container.php on line 214

Vizion, misyon, valè

 Vizion, misyon, valè

Vizyon GRAHN pou Ayiti tounèf la chita sou yon edikasyon ki renouvle,  yon edikasyon ki ka transfòme chak pitit peyi a, pou li vin yon sitwayen ki fyè pou tèt pa li, yon sitwayen byenveyan anvè sitwayen parèy li, yon sitwayen ki genyen sousi pou pwogrè nasyon an epi  ki dispoze pou li amelyore sosyete a  an antye. Sant pou timoun piti a  benefisye vizyon sa a kote li tounen baz bèlantre nan sistèm edikasyon an.

Misyon Sant sa a se pou li valorize lasante, byenèt, devlopman  ak entegrasyon sosyal timoun 2 zan rive 5 an  ansanm ak paran yo , pandan li ap ofri yo yon sèvis degad edikatif ki genyen bonjan kalite,  epi ki louvri pou tout moun ki vle li.

Valè Sant la nap preche yo,  se valè GRAHN  yo, sa vle di tout moun genyen menm dwa ak menm devwa, menm respè pou règ jwèt la, lajistis sosyal, pataj, solidarite, ledikasyon, respè pou anviwonnman an epi respè  pou byen ki la pou tout moun ansanm.