Deprecated: Function create_function() is deprecated in /home/www/pigran.org/plugins/system/rokupdater/lib/local/RokUpdater/Container.php on line 214

Apwoch filozofik

Apwoch filozofik

Sou plan filozofik, nou respekte prensip ki vle pou  ledikasyon prepare yon moun pou li ranpli wòl li efikasman kòm sous devlopman, ajan devlopman epi kòm moun ki rive byen devlope. Kidonk, fòk ledikasyon sèvi nan yon fason efikas pou  bon jan devlopman. Fòk matyè yo ap anseye yo konekte dirèk-dirèk ak milye kote moun yo ap viv la. Fòk matyè ansèyman an pote konesans pratik epi pèmèt moun ki genyen kalite konesans sa a rive travay ak li. Ledikasyon la pou li fasilite  devlopman. Li pa la pou li frennen devlopman. Konsa, li dwe pran rasin li  nan miliye kote moun yo ap viv la, devlope  fakilte kreyativite moun epi pèmèt tout moun jwenn  chans yo egalego.

Nan yon peyi ki sou wout devlopman tankou Ayiti  epi prensipalman nan yon milye riral  tankou Jenipaye, ledikasyon dwe devlope lespri pou moun aprann viv ansanm epi ogmante santiman nasyonalis la, men san li pa kreye moun  ki ap devlope sans nasyonalis yo a avèk  tèt cho oubyen pou yo rayi  moun ki soti nan lòt nasyon. Nannan  edikasyon an ak metodoloji ki sèvi pou transmèt  edikasyon an dwe favorize anrasinman moun yo nan milye yo.

Anfèt, nan yon milye riral kou Jenipaye, lekòl fèt pou li sèvi tankou yon espas kiltirèl pou tout moun nan rejyon an apati yon edikasyon ki ap fèt an menm tan pou timoun yo ak pou granmoun yo. Pou sa rive fèt, fòk lekòl la devlope yon abilite nan panse, aji epi kreye, nonsèlman apati kolaborasyon estaf edikatè a, men tou avèk tout gwoup ki ap travay pou devlopman.

Li lè, li tan  pou  lekòl  devlope sans kreyativite moun, ba yo posiblite pou chans reyisit yo egalego.  Nan sans sa a, lang matènèl la se pi bon mwayen pou anseye timoun lan, espesyalman nan ane li fenk kòmanse al lekòl yo.

 Nan Sant pou timoun piti Jenipaye a, se lang kreyòl la ki pral sèvi kòm kominikasyon ant edikatè yo, timoun yo epi moun nan kominote a.