Deprecated: Function create_function() is deprecated in /home/www/pigran.org/plugins/system/rokupdater/lib/local/RokUpdater/Container.php on line 214

Men sou ki baz nou chwazi timoun yo

Men sou ki baz nou ap chwazi timoun yo

  1. Timoun lan fèt pou li rete nan Jenipaye depi 12 mwa pou pi piti (li dwe genyen 12 mwa nan zòn lan jou ki 30 septanm nan ane anvan an);
  2. Timoun lan dwe genyen 3 zan oubyen 4 tran pou pi plis nan dat 30 septanm nan ane li ap enskri a, se batistè li ki ap sèvi kòm prèv;
  3. Timoun lan fèt pou li pran vaksen, epitou prezans li pa dwe yon danje pou sante lòt moun ki nan Sant lan;
  4. Chak ane, paran timoun yo dwe gen mwayen pou yo peye 1200 goud, pou pi piti, lajan kontan. Yo kab peye tout kòb la nan kòmansman ane a, oubyen yo kab bay kòb la an kat vèsman 300 goud  chak fwa pandan ane a;
  5. Pou chak timoun Sant lan aksepte , papa li, manman li oubyen moun ki responsab li a dwe pran angajman pou li fè,  pou pi piti, yon  jounen travay chak mwa kòm benevòl (sa reprezante  84-è chak ane);
  6. Moun ki ap genyen priyorite yo, se moun ki ap travay nan Sant lan kòm benevòl epi anplwaye Sant  Paul Gérin-Lajoie nan Jenipaye;
  7. An règ jeneral, STP (Sant Timoun Piti a) ap aksepte yon sèl timoun nan chak fanmi, sòf si timoun yo se marasa.  Nan kèk ka eksepsyonèl, apre refleksyon, manm konsèy administrasyon an ka aksepte yon dezyèm timoun ki soti nan menm fanmi an akondisyon fanmi an peye 1000 goud chak mwa ( 12 000 goud chak ane pou de (2) timoun yo;
  8. Pou chak gwoup timoun nou aksepte, STP ap pran dispozisyon pou genyen menm kantite tifi ak tigason pandan yo ap chwazi timoun yo;
  9. Chak timoun nou aksepte dwe vini ak yon ti pyebwa pou li plante nan lakou Site lakonesans lan depi premye jou li rantre a, epi li dwe pran swen ti pyebwa a.