texte accueil CPE kr

 Peryòd nan lavi yon moun, kote li tou piti, se baz  pou li byen  devlope.  Se kalite sèvis yon moun jwenn nan laj sa a ki pral aji sou ekzistans li,kwasans li, devlopman li epi sou fason li pral aprann lekòl. Sèvis sa a dwe mache ak divès eleman byen balanse tankou lasante, nitrisyon, lijyèn, devlopman koyitif, sosyal, fizik epi afektif. Sant pou timoun piti Paul Gérin-Lajoie nan Jeniipaye bay apwòch olistik sa a yon plas enpòtan nan pwojè edikatif li a  yon fason pou li bay timoun tout chans yo pou yo reyisi nan lavi.